Compositor: Não Disponível
Dèfwa menm si nan lavi ou tout wout bare fò’w pa kanpe
Chak moun g’on jou pou woch lavi’l woule fò’w kwè nan destine
Pakoute moun kap di'w pa janm anyen paskew se malere
Gen anpil moun ki pa janm kwè nan sa ki rele destine
Soley Bondye klere pou tout moun, o! Fò'w pa lage
Menm si devanw tout wout bare, o! Pèsevere
Pa kite moun trete’w de inferye paskew pa g’on dola
Respèw ak diyitew pi siperye pase milyon dola
Pa bliye lafwaw se zam pou goumen ak lavia
Pa pèdi sanfwaw menm lè pwòp fanmiw vle change sa
Woyo yo yo, woyo yo yo
Woyo yo yo, woyo yo yo
Dèfwa ou konn leve nan kay la nan pyew timoun ap kriye
Pou ou sa wap pase son tray la menw pa gen lot pòt pou frappe
Ou anvi kouri, menw pa gen destination
Ou anvi vag lavi, men w gen twòp okipasyon
Dèfwa ou oblige reziyew ak sa lavi a pote
Menm si tout moun ap imilye'w pa bliye pran kwaw pote
Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa
Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la
Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa
Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la
Woyo yo yo, woyo yo yo
Woyo yo yo, woyo yo yo
Pran kouraj vye frè solèy gen poul leve
Pa dekouraje aprann pèsevere
Pran tout fòs ou
Padi li two ta pou ou
Fòk ou pa lage
Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa
Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la
Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa
Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la